Fè don
Winston Pierre

Nou merite aksyon ak rezilta

Katè nou yo pare pou yon lidèchip ki koute, ki reflete valè nou pataje yo, epi ki mennen ak kouraj ak lanmou. Winston gen yon vizyon ki baze sou etik, transparans, epi angajman solid pou chak moun nan kominote a. Se poutèt sa li angaje pou l kreye yon Konsèy Konsiltatif pou Distri 5, ki gen ladan rezidan tout laj ak tout orijin—granmoun aje, imigran, jenerasyon Z, lokatè, lidè relijye—pou tout vwa ka tande epi pou mete pouvwa a tounen nan men pèp la.

Nan yon moman kote anpil moun ap chèche chanjman reyèl, Winston ofri yon apwòch fre, endepandan, ki soti nan baz la, epi ki mete moun ak vwa kominote yo an premye. Nou ap konstwi yon mouvman sòti nan baz la atravè tout Distri 5, epi nou vle ou fè pati ekip Winston.

Li konsantre sou sa ki pi enpòtan: lari ki an sekirite, edikasyon ak fòmasyon pwofesyonèl, lojman abòdab ak pwopriyetè kay, jistis anviwònman, ak sipò pou ti biznis yo.

Avèk plis pase dis ane eksperyans nan mete an avan ekite ak opòtinite atravè anbochaj enklizif, kontra piblik, ak transparans nan gouvènman an, ni nan nivo vil la ni nan nivo eta a, Winston deja montre li ka bay bon rezilta.

Winston Pierre
Winston Pierre
Winston Pierre
Winston Pierre
Winston Pierre

Ann Bati yon Lavni ki Plen Opòtinite, Ansanm

Sa a se yon kanpay ki mache ak fòs pèp la, ki baze sou pwogrè, ekite, ak opòtinite pou chak katye nan Hyde Park, Mattapan, Readville, ak Roslindale.

Kit ou se yon volontè ki gen eksperyans oswa ou fè premye pa ou jodi a, enèji ou ak pasyon ou ka ede pote yon chanjman reyèl. Depi frape pòt ak òganize evènman, rive ranmase fon, fè apèl telefòn, ak aktivite kreyatif pou rive jwenn kominote a — chak efò konte.

Pare pou patisipe? Enskri jodi a epi vin yon pati nan mouvman an k ap fòme lavni District 5.

Antre avè nou, nou pral nan zòn pa w!

Distrik 5 la merite yon vwa endepandan—yon moun ki koute epi ki kanpe pou nou tout. Kanpay sa a baze sou pèp la, diyite, ak kominote—not sou politik jan li toujou ye a.

Si w ap pèdi kay ou paske pri yo trò wo, oswa ou santi w envizib nan vil kote w ap viv la—mouvman sa a se pou ou.

Gen plas pou tout moun, kit ou kapab:

  • Fè apèl telefòn
  • Frape pòt kay moun
  • Vin patisipe nan yon rankont
  • Ed nou pote mesaj la nan lari a—oswa pataje li sou entènèt
  • Bay yon men nan nenpòt fason ou kapab

Chèche pwochen evènman nou yo ki toupre ou epi vin patisipe—sou teren an oswa sou entènèt.

Antre isit
Winston Pierre
Winston Pierre
Winston Pierre
Winston Pierre
Winston Pierre
Winston Pierre
Winston Pierre
Winston Pierre

Rankontre ak Winston: soti nan maj pou rive nan mouvman

Mwen se Winston Pierre, pitit imigran Ayisyen, planifikatè vil, e vwazen fyè pou Mattapan, Hyde Park, Readville, ak Roslindale.

Mwen wè kijan City Hall souvan inyore katye pa nou yo. Mwen konnen sa li ye lè yo di ou tann tou ou, pandan resous yo ale lòt kote epi fanmi nou oblije fè plis ak mwens.
Sa pa sèlman istwa pa mwen. Se sa ki motive mwen.

M ap kandide pou pèsonn nan kominote nou yo pa janm oblije tann pou yo wè, tande, oswa sèvi ankò.

Li Plis
Winston Pierre

Sipòte kanpay la

Kanpay sa a pouse pa moun ki kwè nan yon pi bon avni pou vil nou ak fanmi nou. Sipò ou ede nou rive jwenn plis elektè, pataje vizyon nou, epi òganize kote sa pi enpòtan. Chak dola ede nou avanse.
Ann kontinye konstwi ansanm, epi mèsi paske w la ak nou.

Fè don kounye a